Témoignages

preloader-image

Remerciment

J’ai ete beni  durant ce weekend d’enseignement et de priere

Scherline Jen

Membre

FÉLICITATIONS

MWEN SE Docteur Isaac PRESMY, map swiv de prè ministè an, mwen souvan jwenn kek pawol de sagesse nan ansenyeman Rev. Pasteur Levelt ap fè yo! youn nan pi bel pawol ki te soukem sete : dyab la ap chache pa tout mwayen poul kraze( detwi) reputasyon ou ! nan konferans 1-2 Novembre 2024 lan ! mwen konseyew konekte ak Ministère lan ou pap regret!

Isaac PRESMY

MEMBRE

DÉLIVRANCE

Bondye beni nou ,nou di Bondye mèsi pou fason l sèvi ak sèvitè l yo,e ki pèmèt nou touche pa rapò a mesaj yo li bay yo.Se te nan konferans 22 au 28 juil 24,sujet :comment identifier les obstacles(prendre des sages decisions et fixés des objectifs.Bondye te voye mesaj pou mw nan lè sa ,mw te identifye obstak mw an,afin kem te pran kek desizyon avek bon konprann em te arive fixe objektif mw.

Cherline Mentor

MEMBRE

DÉLIVRANCE

Bonjour mes Bien-aimés
Bondye beni nou
Non pam se sè Modeline Barthelemy Luxama, mwen mache nan legliz Glory Of El-Shaddaï kote pastè Paul Emmanuel ap dirije.Mwen se yon manm batize e mwen se diaconès legliz la. Mwen gen 46 lane,map viv an Republik Dominikèn,nan kapital,mwen marye,mwen gen 3 pitit.
Mwen beni non Bondye pou sa.
Temwanyaj pam nan se jou kite 1,2 ,3 Novanm nan
Pastè Levelt Ozirus
Te gen yon konferans kite fèt sou kombat mond lan ak espri mal la
Nan premye jou konferans lan, mwen te vrèman touche e m te beni tou
Lè pastè Levelt te rive nan 3e pwen an ki pale de dega espri malen an ka fè nan fanmi nou mes Bien-aimés se la dlo pat ka rete nan jem paske mwen pat janm konnen si se te fanmi an kite fè tout dega sa nan fanmim.

Mwen fèt nan yon fanmiy ki gen 9 moun,papam,manmanm al nou 7 pitit
Donk mwen menm se dènye pitit
Men se rete nou rete nou wè chak lè yon nan laj 30 a 40 tan konsa yo mouri,1e a mouri a 35 ane,2e nan mouri sou 20 ane,3e nan mouri lèl pral gen 49 ane,4e nan mouri sou 47 lane
Rete kounyea mwen menm ak sèm nan kem vini dèyèl la
Mes Bien-aimés pat janm te konnen si se te espri astral sa yo ki tap fè dega konsa nan fanmim
Ebyen kounyea, atravè konferans sa mwen te tande a,mwen pran otoritem sou espri astral sa
Tout as ki te fè yo ,li tou fè yo
O non de Jezu
Mwen pran otoritem sou tout espri astral,ke li fin fè dega,nou femen pòt sou fanmim,li pap manje nou ankò,mwen menm ak sèm nan ki rete nou mache anba zèl Bondye
O non de Jezu,se pou nou viv lavi nou,se pou nou fè tan nou
Se lè Bondye vle ,la pran nou.
Nou konseye nou menm ki sou group MTM la toujou tande fòmasyon yo,konferans yo,wap grandi,e wap drese baryè pou tout diab kap vin pou devaste fanmiwke Bondye beni nou.🙏🙏🙏

Modeline Barthelemy Luxama

MEMBRE